1 / 39

Pwogram Tit I pou Fanmi

Pwogram Tit I pou Fanmi. Objektif reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi

ellema
Download Presentation

Pwogram Tit I pou Fanmi

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pwogram Tit I pouFanmi

  2. Objektif reyinyon an • Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: • Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran pou konnen • Sipò adisyonèl • Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Kaye enfòmasyon paran (FIN)

  3. Kisa Tit I an ye? Tit I • Se yon sibvansyon federal ki bay lajan pou edikasyon • Bay distri lekòl yo fon siplemantè pou ede lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo • Ede nan nivo kapasite paran ak pwofesè • Ankouraje paran yo pou patisipe nan edikasyon pitit yo 

  4. Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

  5. Finansman Tit I • Distri a distribiye sibvansyon federal Tit I an bay chak lekòl ki kalifye dapre kantite elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui • Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a resevwa • Yo dwe depanse yon montan minimòm sibvansyon Tit I an nan patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl • Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo sou fason lekòl la itilize sibvansyon Tit I an

  6. Pwogram Tit I • Pwogram Tit I rejyon Palm Beach la se pwogram pou tout lekòl • Sèvi tout elèv nan lekòl la, men konsantre plis sou elèv ki gen pwoblèm akademik yo • Tout anplwaye, resous yo ak klas yo, tout fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

  7. Plan/règleman pou patisipasyon fanmi • Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap egzekite egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl-paran

  8. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Egzijans: • Adopte epi mete sou pye modèl pwogram patisipasyon paran • Bay paran yo enfòmasyon egzat osijè pwogram Tit I an • Angaje paran yo nan desizyon osijè kòman yo depanse fon Tit I ki rezève pou patisipasyon paran an

  9. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Eksplikekourikoulòmlan, evalyasyonyoepiestandaminimòmpouelèvyoranpli • Bay anplwayeakparanyotreningsou yon varyetesijèkiadresebezwenelèvakparanpousipòtepatisipasyonfanmi, treningpoufèalfabetizasyontou

  10. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Fè paran yo patisipe nan devlopman trening pou anplwaye epi bay paran yo fòmasyon pou yo fòme lòt paran • Ofri yon kantite reyinyon nan dat ak lè ki fleksib

  11. Plan/règleman patisipasyon fanmi • Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a • Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo

  12. Plan/règleman patisipasyon fanmi • Bay enfòmasyonsoufasonlekòl la travayakkominote a, volontèyo, epiasosyebiznisyopouogmantenivoreyisitelèvyo • Devlopewòlpouòganizasyonkominoteyo/oswabiznisyonanaktivitepatisipasyonparan

  13. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Kontwole kontinyèlman epi evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi an • Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi nan lekòl la • Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji pou rann patisipasyon paran pi efektif

  14. Kontra ant lekòl-paran • Lekòl la dwe gen yon kontra lekòl-paran • ke se pèsonèl lekòl la ak paran yo ki ekri l • Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la • Yo dwe distribye kontra a nan konferans paran-pwofesè lekòl primè elemantè yo • Chak ane fanmi yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

  15. Dwa paran an pou l konnen • Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon egzat sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo • Yo dwe enfòme paran yo si pwofesè ki deziyen oswa k ap anseye pitit yo a pa ekstrèman kalifye apre kat oswa plis semèn konsekitif

  16. Dwa paran an pou l konnen • Y ap bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo nan chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije • Enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann pi byen posib

  17. Rechèch montre… Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: • fè meyè nòt • fè meyè pwen • pase matyè yo • pase pou al nan klas siperyè • ale lekòl regilyèman • gen pi bon aptitid sosyal • kontinye edikasyon yo • adapte yo ak chanjman • gradye

  18. Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl la travay ak paran yo pou fè sèten timoun yo fè pwogrè • Lekòl mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki kab afekte edikasyon pitit yo • Kolaborasyon ant lekòl ak paran bati andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite desizyon lekòl la

  19. Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè • Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak opòtinite reyinyon ant paran ak pwofesè

  20. Kolaborasyonant lekòl ak paran Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl.

  21. Kaye enfòmasyon paran • Disponib nan direksyon lekòl la • Revize enfòmasyon Tit I tankou Dwa paran an pou l konnen, kontra ant lekòl ak paran, règleman/plan patisipasyon fanmi ak plis ankò • Aprann osijè resous eta a ak distri a tankou PIRC (Sant resous enfòmasyon pou paran) ak règleman distri a

  22. Fanmi + lekòl = Siksè

  23. Konsekans federal pou lè w pa fè pwogrè anyèl adekwa (AYP)

  24. Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) Mezire konpetans tout elèv nan lekti, matematik, ak konpozisyon Mezire pousantaj gradyasyon Lekòl la dwe resevwa mwayèn “C” oswa pi meyè Si yon lekòl Tit I pa reyalize AYP nan tout matyè ak tout sougwoup yo, konsekans yo ap aplike 24

  25. Konpetans ki sible pou AYP Chak ane pou ogmante konpetans ki sible yo

  26. Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) NCLB egzije tout lekòl yo pou yo mezire pwogrè anyèl adekwa yo (AYP) Tout lekòl piblik resevwa eskò AYP Lekòl ki pa-Tit I Lekòl Tit I Lekòl semi-prive AYP mezire pwogrè nèf sougwoup 26

  27. Men nèf Sougwoup yo Total elèv yo Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen Ameriken Elèv ki ekonomikman dezavantaje Elèv ak konpetans limite nan angle (ELL) Elèv ak andikap (SWD) 27

  28. Pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP) Tout lekòl resevwa yon eskò AYP Anba lwa Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè a (NCLB), sèlman lekòl Tit I ap resevwa konsekans si yo pa ranpli egzijans AYP “Lekòl ki Nan Bezwen Pou Amelyorasyon” (SINI) apre 2 ane NAYP 28

  29. Pwogrè anyèl adekwa (AYP) AYP a detèmine ki lekòl Tit I ak elèv ki kalifye pou opsyon chwa NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè). 29

  30. Rapò pwogrè anyèl adekwa (AYP) Insert your school’s AYP report 30

  31. Konsekans Federal lè w pa ranpli egzijans AYP (NAYP). *Konsekans yo kimilatif. Menm konsekans yo aplike chak ane, plis nouvèl konsekans yo ajoute sou yo

  32. Opsyon chwa NCLB pou tout lekòl SINI yo Y ap ofri tout paran elèv ki nan lekòl Tit I ki pa fè AYP pou de (2) oswa plis ane chwa pou edikasyon pitit yo. 32

  33. Aksyon korektif - SINI 3 Ranplase estaf lekòl la ki lakoz fayit pou fè AYP Tabli nouvo kourikoulòm Diminye otorite ekip k ap administre lekòl la Pwolonje ane lekòl la oswa jou lekòl yo Restriktire òganizasyon entèn lekòl la Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo: 33

  34. Plan pou restriktirasyon - SINI 4 Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo pou restriktirasyon: • Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive • Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan l direktè a tou • Pran kontra ak yon antite prive • Kite eta a pran chaj • Lòt refòm restriktirasyon majè 34

  35. Restriktirasyon - SINI 5 Mete plan ki prepare a an aplikasyon pandan lekòl la se yon SINI 4 NCLB (Okenn Timoun pa dwe Rete Dèyè) dikte youn oswa plis nan opsyon pou restriktirasyon apre yo: • Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive • Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan direktè a tou • Pran kontra ak yon antite prive • Kite eta a pran chaj • Lòt refòm restriktirasyon majè 35

  36. Restriktirasyon - SINI 6, 7, 8 ak 9 Kontinye mete an aplikasyon plan pou restriktirasyon an 36

  37. De (2) sistèm responsablite Sistèm Federal (NCLB) Okenn Timoun pa Dwe Rete Dèyè AYP Sistèm Eta a Responsablite yo diferansye – eskò lekòl la + AYP

  38. Gen de (2) sistèm responsablite Sistèm Federal la Okenn Timoun PA Dwe Rete Dèyè Sistèm Eta a Kote responsablite yo diferansye 38

  39. Diskite kategori DA lekòl ou a epi plan entèvansyon distri a Plan responsablite diferansye (DA) pou eta Florid la Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department School District of Palm Beach County August 2010 – SY101170-b - Phone (561) 434-8620 39

More Related