1 / 17

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Janvye 2010.

Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Janvye 2010

  2. Depi 18 rive nan 25 janvye, anpil kote sou tè a, yo konn fè Semèn lapriyè pou tèt ansanm nan kapab rive nan mitan kretyen yo alòske lòt kote yo, yo konn fè l nan fèt Pannkot la. Jan nou kapab sonje, Kyara te konn ekri sou pawòl labib yo tap chwazi nan okasyon sa pou Pawòl Lavi mwa sa. Nan lane sa, pawòl labib ki pou Semèn lapriyè a se «  Nou temwen tout bagay sa yo » (Lk 24,48). Pou ede nou viv li, nap pwopoze envitasyon Kyara fè n, kretyen yo, pou n tounen ansanm temwen prezans Bondye nan mitan moun yo.

  3. « Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3).

  4. Pawòl Bondye mwa sa vin chèche kè nou. Si nou vle patisipe nan pèp li a, nou bezwen kite l viv nan mitan nou.

  5. Men kijan sa kapab fèt epi kisa pou n fè pou nou kapab goute yon ti kras depi sou tè a kè kontan kap vini ansanm ak prezans li a?

  6. Se sa menm Jezi te vle montre nou. Se pou sa menm li te vini sou tè a : ba nou lavi renmen li genyen avèk Papa l pou nou kapab viv li nou menm tou.

  7. Deja nou menm kretyen yo, nou kapab viv pawòl sa pou Bondye kapab viv nan mitan nou. Men pou li nan mitan nou sa mande kèk kondisyon tankou premye monseye legliz la yo te di nou. dapre Jan Krizòstom, se renmen tankou Jezi te renmen, Dapre Bazil, se viv dapre sa Bondye vle, epi dapre Orijèn, se menm lide ak menm santiman antre nou pou n rive jwenn antant k ap « met tèt nou ansanm kote Pitit Bondye a ye » dapre Teodòr Stidit, se youn renmen lòt

  8. Nan lanseyman Jezi te ba nou genyen mwayen pou Bondye kapab abite nan mitan nou : « se pou nou youn renmen lòt jan mwen te renmen nou an » (Jn 13,34)Youn renmen lòt la se mwayen pou Bondye nan mitan nou : « Si nou youn renmen lòt, Bondye rete nan nou » (1Jn 4,12)paske Jezi di :  « Kote de oubyen twa moun rasanble sou non mwen, mwen la nan mitan yo » (Mt 18,20).

  9. « Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3).

  10. Kidonk, li pa si tèlman lwen epi li pa enposib pou nou rive jwenn jou sa kote Ansyen Kontra va reyalize tout pwomès li yo : « Se nan kay mwen map viv avèk yo. Se mwen menm kap Bondye yo. Yo menm se pèp mwen an yap ye” (Ez 37,27).

  11. Tout bagay sa yo deja reyalize nan Jezi, apre tan li te pase sou tè a, li kontinye la nan mitan moun kap viv dapre kòmandman nouvo youn renmen lòt kap fè yo tounen yon pèp, pèp Bondye a.

  12. Kidonk Pawòl Lavi sa envite nou, kretyen yo, montre prezans Bondye a dapre renmen nou genyen an. « Se nan sa tout moun ap rekònèt se patizan m nou ye, si nou gen renmen youn pou lòt. » (Jn 13,35). Si nap viv kòmandman nouvo a, se kondisyon pou Jezi reyalize prezans li nan mitan moun yo.

  13. Sèke nou pa kapab fè anyen si prezans sa pa la. Se prezans sa ki bay sa Jezi te vin pote pou tout moun sou tè a sans : prezans Bondye nan mitan frè yo.

  14. « Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3).

  15. Menm si se nan divès kòminote legliz nou ye, se nou menm, kretyen yo, ki bezwen fè tout moun sou tè a wè se yon sèl pèp nou ye ki gen tout kalite lang, ras ak kilti anndan li, kit se moun ki gwo kit se moun ki piti, kit se moun ki malad kit se moun ki anfòm. Yon sèl pèp moun yo kapab di sou yo tankou sou premye kretyen yo: « Gade kijan yo renmen epi yo pare pou yo bay lavi youn pou lòt ».

  16. Se « mirak » sa tout moun yo ap tann pou yo kapab gen espwa ankò epi li nesesè pou pwojè tèt ansanm nan kapab grandi jous li rive tout bon vre epi tout moun kapab wè li reyalize nan mitan kretyen yo. Se yon « mirak » nou kapab jwenn oubyen depreferans se Jezi, ki nan mitan patizan l yo kap viv nan renmen, ki va fè sò moun sou tè a chanje etan lap mennen yo nan tèt ansanm.

  17. « Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3). “Pawòl Lavi a”, se yondokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa janvye 1999.Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

More Related