1 / 26

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Mas 2011. « Me sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a » (Lk 1, 38).

xerxes
Download Presentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Mas 2011

  2. « Me sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a »(Lk 1, 38).

  3. Nou menm tou, tankou Mari, Bondye vle fè-n wè sa li te panse sou nou chak, li vle fè-n konnen kilès nou ye vre.

  4. Se tankou si li ta di nou : « Ou vle pou mwen fè pou-w menm epi pou lavi pa-w tounen yon siksè ki pa gen parèy? Se pou-w swiv chemen m-ap montre-w la epi w-ap tounen sila ki anndan kè-m depi toutan. »

  5. « Sèke depi toutan mwen te sonje-w, mwen te renmen-w, mwen te di non-w. Lè m-ap di-w sa-m vle nan men-w, lè sa m-ap di-w kilès ou ye tout bon vre. »

  6. Volonte Bondye a se pa yon obligasyon k-ap kraze nou, men se montre l-ap montre nou kijan li renmen nou, ki pwojè li gen pou nou. Pwojè sa li gran tankou Bondye li menm, li atiran, li bèl tankou figi li-a : se li menm menm k-ap bay pwòp tèt li-a.

  7. Volonte Bondye se tankou yon fil lò, yon pakèt fil k-ap fòme twal lavi nou-an ni sou tè-a ni apre : depi toutan e pou toutan, nan Bondye dabò, sou tè-a answit, epi nan Paradi nan finisman.

  8. Men pou pwojè Bondye kapab reyalize nèt ale, sa mande pou-m di wi, pou w di wi, jan li te mande Mari. Se sèlman konsa pawòl li te di sou mwen, sou-w kapab reyalize. Kidonk, nou menm tou, tankou Mari, li mande-n pou-n di-l wi tou:

  9. « Me sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a » (Lk 1, 38).

  10. Se sèten volonte Bondye-a pa toujou byen klè. Tankou Mari, nou menm tou n-ap bezwen mande limyè pou-n konnen kisa ki volonte Bondye.

  11. Nou bezwen koute byen ti vwa li ki anndan kè-n, ak yon kè sensè, mande moun ki kapab ede nou konsèy. Men depi nou konnen sa Bondye vle, nou bezwen di-l wi touswit.

  12. Sèke, si nou te konprann byen volonte Bondye se sa-k pi wo, sa-k pi bèl ki kapab nan lavi nou-an, nou pap reziyen « oblije » fè volonte Bondye

  13. men n-ap kontan dèske nou « kapab » fè li, nou kapab swiv pwojè pa-l, konsa sa li te panse pou nou va reyalize. Se pi bon bagay nou kapab fè, sa-k pi entelijan.

  14. Men detanzantan sa li mande nou-an kapab parèt pa gen sans. Li ta pi bon yon lòt fason, nou ta vle pou se nou menm ki t-ap pran lavi nou nan men nou.

  15. Nou ta vle menm bay Bondye konsèy, di li kijan pou-l fè epi kijan pou-l pa fè.

  16. Men si mwen kwè Bondye se Renmen epi mwen gen konfyans nan li, mwen konnen sa li te fè nan lavi mwen ak nan lavi tout moun ki bò kote-m, se paske li bon pou mwen ak pou lòt yo tou.

  17. Lè sa mwen remèt tèt mwen nan men-l, mwen lage kò-m ak konfyans nan volonte pa-l epi mwen vle li ak tout fòs mwen, jous mwen rive fè youn avè-l, paske mwen konnen aksepte volonte pa li se aksepte li menm menm, mwen anbrase-l, mwen fè-l tounen nouriti pa-m.

  18. Nou dwe kwè pa gen anyen ki rive sanzatann. Nanpwen evenman kit li fè kè-n kontan, kit li konsa konsa, kit li fè-n soufri, nanpwen rankont, nanpwen sitiyasyon nan fanmi, nan travay, nan lekòl, nanpwen kondisyon sante nan kò ak nan kè ki pa gen sans.

  19. Men tout bagay – evenman, sitiyasyon, moun – pote yon mesaj sot nan Bondye, tout bagay rive fè sa Bondye vle, sa n-ap dekouvri piti piti, jou apre jou, nan fè volonté Bondye tankou Mari.

  20. Pawòl Mari a – « Me sèvant Granmèt la » - se repons renmen nou an pou renmen Bondye gen pou nou. Pawòl sa yo kenbe nou toujou tounen bò kote-l, nan koute-l, nan obeyi avèk yon sèl lide, akonpli volonte li pou-n tankou li vle pou-n ye.

  21. « Me sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a » (Lk 1, 38).

  22. Kijan pou-n viv Pawòl sa-a? Di Pawòl Bondye wi, vle di fè byen, nèt ale, nan chak moman, aksyon sa volonte Bondye-a mande nou.

  23. Se pou-n la nèt ale, nan aksyon sa-a, etan n-ap mete apa tout lòt bagay, n-ap pèdi lide yo, dezi yo, souvni yo, aksyon yo ki pou yon lòt bagay.

  24. Se pou-n di li anvan tout aksyon : « Se pou sa fèt », « se pou-l fèt ». Konsa n-ap akonpli nan chak ti moman, tikal pa tikal, bèl tablo lavi nou-an ki pa gen lòt parèy Granmèt la te vle depi toutan pou nou chak.

  25. Devan chak volonté Bondye k-ap fè-n soufri, k-ap fè kè-n kontan, ki konsa konsa, nou kapab repete : « Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a. » oubyen, tankou Jezi te montre nou nan « Papa nou » : « se pou volonte-w fèt ».

  26. « Me sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwem selon pawòl ou a » (Lk 1, 38). “Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa desanm 2002.Imaj yo,Anna Lolloansanm avèk PèPlacido D’Omina(Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyonwww.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l souwww.santuariosancalogero.org

More Related