200 likes | 378 Views
Pwogram Tit I ak Fanmi. Objektif reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi
E N D
Objektif reyinyon an • Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: • Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran pou konnen • Sipò adisyonèl • Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Kaye enfòmasyon paran (FIN)
Kisa Tit I an ye? Tit I • Se yon sibvansyon federal ki bay lajan pou edikasyon • Bay distri lekòl yo fon siplemantè pou asiste yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif edikatif lekòl yo • Ede nan nivo kapasite paran ak pwofesè • Ankouraje paran yo pou patisipe nan edikasyon pitit yo
Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a
Finansman Tit I • Distri a distribiye sibvansyon federal Tit I an bay chak lekòl ki kalifye sou baz nonb elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui • Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a resevwa • Yo dwe depanse yon montan minimòm sibvansyon Tit I an pou patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl • Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo sou fason lekòl la itilize sibvansyon Tit I an
Pwogram Tit I • Pwogram Tit I rejyon Palm Beach la se pwogram pou tout lekòl • Sèvi tout elèv nan lekòl la, men konsantre plis sou elèv ki gen pwoblèm akademik yo • Tout anplwaye, resous yo ak klas yo, tout fè pati pwogram jeneral tout lekòl la
Plan/règleman pou patisipasyon fanmi • Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap egzekite egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl-paran
Règleman/plan patisipasyon fanmi • Egzijans: • Bay paran yo enfòmasyon egzat osijè pwogram Tit I an • Eksplike kourikoulòm lan, evalyasyon yo epi estanda minimòm pou elèv yo ranpli • Ofri yon kantite reyinyon nan dat ak lè ki fleksib • Angaje paran yo nan desizyon osijè kòman yo depanse fon Tit I ki rezève pou patisipasyon paran an
Plan/règleman patisipasyon fanmi (suit egzijans yo) • Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo • Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a • Bay enfòmasyon sou fason lekòl la travay ak kominote a, volontè yo, epi asosye biznis yo pou ogmante nivo reyisit elèv yo
Règleman/plan patisipasyon fanmi (suit egzijans yo) • Bay anplwaye ak paran yo trening sou yon varyete sijè ki adrese bezwen elèv ak paran pou sipòte patisipasyon fanmi • Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi nan lekòl la
Règleman/plan patisipasyon fanmi • Kontwole kontinyèlman epi evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi an • Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji pou rann patisipasyon paran pi efektif (suit egzijans yo
Kontra ant lekòl-paran • Lekòl la dwe gen yon kontra lekòl-paran ke se pèsonèl lekòl la ak paran yo ki ekri l • Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la • Yo dwe distribye kontra a nan konferans paran-pwofesè lekòl primè elemantè yo • Chak ane fanmi yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a
Dwa paran an pou l konnen • Paran yo gen dwa pou mande epi resevwa enfòmasyon egzat sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo • Yo dwe enfòme paran yo si pwofesè ki deziyen oswa k ap anseye pitit yo a pa ekstrèman kalifye pou kat oswa plis semèn konsekitif
Dwa paran an pou l konnen • Y ap bay paran yo enfòmasyon sou nivo reyisit pitit yo nan chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije • Enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann si posib
Rechèch montre… Kèlkeswa estati sosyo-ekinomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: • fè meyè nòt • obteni meyè pwen • pase matyè yo • pase pou klas siperyè • ale lekòl regilyèman • gen meyè abilte sosyal • kontinye edikasyon yo • adapte ak chanjman • gradye
Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl travay ak paran yo pou asire siksè timoun yo • Lekòl ak paran fè desizyon ki afekte edikasyon pitit yo • Kolaborasyon ant Lekòl ak paran bati andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a, epi komite desizyon lekòl la
Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl la bay paran opòtinite pou l bay tan l ak talan l kòm volontè • Lekòl la ofri atelye pou paran, trening epi konferans pou paran/pwofesè
Kolaborasyonant lekòl ak paran Lekòl la bay materyèl pou ede paran yo travay ak pitit yo. Kèk lekòl Tit I gen sal resous pou paran ki favorize paran yo jwenn materyèl.
Kaye enfòmasyon paran • Disponib nan biwo prensipal lekòl la • Revize enfòmasyon Tit I tankou Dwa paran an pou l konnen, kontra ant lekòl-paran, règleman/plan patisipasyon fanmi epi plis ankò • Aprann osijè resous eta a epi distri a tankou PIRC (Sant resous enfòmasyon pou paran) epi règleman distri a